Les membres du CEP
Ayiti bouke! Li prèske bout nan souf li. Depi asasina Papa nasyon an, Jean-Jacques Dessalines, pitit li yo pa sispann fè l peye gwo pri pou lanbisyon pèsonèl yo, gou pouvwa yo ak enterè ekonomik yo. Twò souvan, moun ki pran pouvwa pa fè sa pou sèvi Leta, pwoteje enterè nasyonal la oswa amelyore kondisyon lavi popilasyon an. Yo pran pouvwa pou sèvi tèt pa yo, pou piye resous peyi a, òganize sistèm vòlò, enstitisyonalize koripsyon epi fè pòch yo vin pi gwo sou do yon pèp k ap viv nan mizè.
Menm si depi plis pase dis lane peyi a pa rive òganize eleksyon jeneral regilye, menm si kalandriye elektoral yo pa sispann modifye, ranvwaye oswa disparèt nan bwouya kriz politik yo, nou rete kwè eleksyon se yon nesesite demokratik. Men, kesyon an pa sèlman konnen kilè n ap vote. Kesyon fondamantal la se konnen kiyès n ap vote, poukisa n ap vote yo, epi ki garanti nou genyen pou moun nou pral mete nan tèt Leta yo pa tounen yon lòt ekip predatè politik.
Nan moman kote pwojè eleksyon yo ap pran plas nan diskou politik la, gen yon slogan k ap fè anpil bri sou rezo sosyal yo: « Nou pap vote vòlè ak kowonpi ankò! » Se yon pawòl ki merite atansyon. Men, èske se yon senp slogan pou fè bri sou entènèt, oswa èske li pral tounen yon vrè angajman sitwayen nan moman pèp la pral antre nan izolwa pou vote?
Yon klas politik ki fin fè pèp la pèdi konfyans
Depi plizyè dizèn lane, sitou apre 1986, Ayiti ap trennen yon kriz gouvènans ki makonnen ak koripsyon, enpinite, enkonpetans ak absans vizyon estratejik. Anpil nan moun ki pase nan tèt enstitisyon piblik yo pa janm rive konprann diferans ki genyen ant sèvi Leta ak sèvi ak Leta.
Genyen ki antre nan administrasyon piblik la san gwo mwayen ekonomik, men kèk mwa oswa kèk ane apre, yo parèt ak yon nivo richès ki pa koresponn ak okenn revni legal yo ka esplike. Pandan y ap fè kapital pèsonèl yo grandi, lopital yo ap degrade, lekòl yo ap fèmen, wout yo ap kraze, jèn yo ap kite peyi a, epi popilasyon an ap plonje pi fon nan mizè.
Se yon paradòks ki vin tounen yon abitid nan lavi politik nou: plis peyi a ap pòv, se plis kèk moun k ap dirije l ap anrichi. Se tankou pòvte peyi a tounen yon opòtinite biznis pou yon kategori politisyen.
Se poutèt sa, jodi a, pèp la gen rezon poze kesyon sou kalite kandida k ap prezante tèt yo pou dirije peyi a. Nan lis anviwon ven kandida ki deja parèt nan preparasyon eleksyon prezidansyèl yo, gen anpil figi ki fè popilasyon an sonje ansyen pratik yo, ansyen echèk yo ak menm sistèm politik ki kontribye nan kraze peyi a.
Nou pa ka kontinye vann menm machandiz pouri a nan nouvo anbalaj epi mande pèp la pou l kwè se yon nouvo pwodwi. Nou pa ka kontinye prezante menm aktè yo, menm pratik yo ak menm enterè yo, pandan n ap pwomèt yon Ayiti nouvo.
Se pa sèlman kandida ki dwe chanje, se elektè a tou!
Lè sitwayen yo di « Peyi a bouke! Nou pap vote vòlè ak kowonpi ankò! », se yon siy ki montre gen yon pati nan popilasyon an ki kòmanse konprann responsablite li nan pwosesis demokratik la.
Men, pou slogan sa a pa rete yon senp pawòl, fòk li tradui nan aksyon konkrè. Sa dwe kòmanse depi nan pwosesis enskripsyon kandida yo nan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP). Enstitisyon sa a dwe jwe wòl li ak entegrite, enpasyalite ak rigè. Li pa dwe tounen yon machin pou valide kandidati moun ki pa satisfè kondisyon legal yo, ni yon enstriman pou fè enterè politik kèk gwoup pase anvan enterè nasyonal la.
Men, pi gwo responsablite a ap tonbe sou elektè yo. Fwa sa a, sitwayen yo dwe montre yo aprann nan leson listwa. Menm jan an 1990, lè pèp ayisyen an te montre kapasite li pou fè yon chwa istorik, nou ta renmen wè menm konsyans sivik sa a retounen, men avèk plis vijilans, plis matirite politik ak plis egzijans anvè kandida yo.
Fòk elektè yo sispann vann konsyans yo pou kèk goud, kèk ti pwomès, kèk sak diri, kèk mayo oswa kèk ti avantaj tanporè. Paske lè yon moun vann vòt li, se pa sèlman bilten li li vann: se avni pitit li, sekirite fanmi li, diyite kominote li ak dwa li genyen pou l mande kont nan men moun k ap dirije peyi a.
Nou pa dwe konfonn charite elektoral ak yon pwogram politik. Yon kandida ki distribye lajan pandan kanpay pa nesesèman gen kapasite pou kreye travay. Yon kandida ki pwomèt tout bagay pa nesesèman gen vizyon, konpetans oswa entegrite pou reyalize anyen.
Si nou vote menm vòlè yo, nou pa gen dwa plenyen pou menm vòl la!
Nou swete slogan » Nou pap vote vòlè ak kowonpi ankò » a pa yon lòt mòd politik k ap pase ak van kanpay elektoral la. Nou swete li tounen yon konsyans kolektif, yon angajman nasyonal ak yon nouvo kontra ant pèp la ak moun ki vle dirije l.
Ayiti pa bezwen lòt politisyen ki vin fè richès sou do Leta. Li bezwen fanm ak gason ki gen vizyon, konpetans, entegrite, sans responsablite ak volonte pou sèvi enterè kolektif la. Li bezwen enstitisyon ki fonksyone, yon sistèm jistis ki pa nan pòch pèsonn, epi sitou yon pèp ki pa kite grangou, lajan ak manipilasyon achte konsyans li.
Fwa sa a, fòk pèp la sispann vote sou baz pwomès pou l kòmanse vote sou baz bilan, konpetans ak entegrite.
Paske, ann di laverite: si nou kontinye mete vòlè nan tèt Leta, nou pa dwe sezi lè kès Leta a rete vid. Si nou kontinye vote moun ki pa gen konsyans, nou pa dwe sezi lè enstitisyon yo pèdi tout sans yo. E si nou kontinye bay menm moun ki kraze peyi a yon lòt manda, se pa sèlman kandida yo ki responsab malè nou: se konsyans elektoral nou ki vin konplis tou.
NOU PAP VOTE VÒLÈ ANKÒ! Men fwa sa a, fòk slogan an pa sèlman rete sou rezo sosyal yo: fòk li parèt nan bilten vòt la! Paske yon pèp ki pa aprann chwazi dirijan li, kondane tèt li pou kontinye sibi menm dirijan yo.
Pierre Josué Agénor Cadet
