Nan Grande-Rivière-du-Nord, Cormier, nan ti katye ki pote non Abitasyon Vye Kay, se la ou te wè limyè jou a, 268 ane pase. Se la yon pitit tè a te pran nesans, li menm ki t ap vin pote yon rèv ki depase tèt li : fè Ayiti tounen yon peyi lib, yon peyi diy, yon peyi kote pitit li yo ta ka mache tèt yo byen wo.
Men, Papa Dessalines, jodi a, se tankou yo antere tout rèv ou yo, tout sa ou te vle pou peyi a. Otorite nou yo sanble pèdi fyète nasyonal la; yo tounen tchoul blan, pandan tè peyi a ap glise nan men nou, e pèp la ap pèdi, ti kras pa ti kras, diyite li ak espwa li. Sa ki pi rèd toujou, se wè anpil swadizan lidè politik k ap kouri san pran souf dèyè pouvwa, dèyè enterè pèsonèl, san menm sonje kote ou te fèt, san menm mezire sakrifis ou te fè pou libète peyi a.
Koze yo anpil, Papa Dessalines ! Men, jodi a, nou pa vin mande w kont, ni mande w mirak. Nou vin mande w yon sèl bagay : di yon mo pou nou. Fè vwa ou sonnen ankò nan konsyans pitit Ayiti yo. Ban nou fòs, kouraj ak detèminasyon pou nou reprann diyite nou, leve tèt nou, epi reprann eskanp figi nou kòm yon pèp lib, fyè ak souveren. Bòn fèt, Papa Dessalines ! Bòn fèt, Papa nasyon an ! Ke rèv ou pou Ayiti a pa janm mouri nan kè pitit li yo.
Par Pierre Josué Agénor Cadet
